Aprann digital marketing, AI, digital products, e-commerce, content creation, monetization ak plis ankò — tout nan yon sèl Academy.
FONDATRIS, RISE BIZ ACADEMY
Hi, mwen se Dorve Noel, fondatris Rise Biz Academy.
Pakou mwen nan domèn dijital la pa t fasil menm jan ak anpil lòt moun. Lè m te kòmanse, mwen te yon débutan ki te konn santi m pèdi. Mwen te gen anpil kesyon, anpil bagay mwen te vle aprann, men mwen pa t toujou konnen ki kote pou m kòmanse oswa ki premye pa pou m pran.
Mwen te konn pase anpil tan ap gade sa lòt moun t ap fè, ap konpare tèt mwen ak yo, epi pafwa mwen te pè pran desizyon pou m avanse.
Men apre anviwon 3 mwa, mwen te deside sispann tann pou m santi m pare epi mwen te kòmanse pran aksyon.
Se nan menm mwa sa a mwen te fè premye vant mwen.
Ou pa bezwen konnen tout bagay pou w kòmanse. Ou bezwen kòmanse pou w aprann.
Se eksperyans sa a ki pouse m kreye Rise Biz Academy — yon espas kote mwen vle ede lòt débutan jwenn direksyon, aprann skills pratik, pran aksyon epi devlope pwòp business dijital yo.
Nan RBA, objektif la pa sèlman pou w gade leson. Mwen vle ede w konprann kisa pou w fè, kijan pou w fè l, epi ki etap pou w pran apre sa.
"Your journey doesn't have to look like anyone else's."
Ou pa bezwen gen tout repons yo jodi a.
Kòmanse kote ou ye a.
Aprann pandan w ap grandi.
Epi pa abandone tèt ou.
Rise Biz Academy rasanble diferan skills digital business yo nan yon sèl espas — pou w ka aprann pa a pa, san w pa santi w submerge.
Aprann mindset ak fondasyon panse ou bezwen pou kòmanse jounen w nan digital business.
Learn MoreAprann kijan pou itilize Beacons pou òganize lyen, pwodwi ak opòtinite monetizasyon.
Learn MoreAprann kijan pou kreye ebook, graphique, mockup, kontni rezo sosyal ak lòt asset dijital.
Learn MoreAprann kijan pou kreye kontni ak bati yon prezans online san w pa montre figi w.
Learn MoreAprann fondasyon affiliate marketing ak platfòm tankou Amazon, Pinterest, Digistore24, Hotmart, SHEIN, Temu.
Learn MoreAprann kijan pwogram affiliate Rise Biz Academy a mache ak kijan pou itilize resous li yo.
Learn MoreAprann fondasyon dropshipping, chwa pwodwi, monte magazen, marketing ak workflow.
Learn MoreAprann fondasyon pou kreye ak vann pwodwi print-on-demand san w pa gen stock tradisyonèl.
Learn MoreAprann kijan pou òganize pwosesis biznis ou epi itilize otomatizasyon pou fè workflow ou pi efikas.
Learn MoreAntre nan Rise Biz Academy epi jwenn aksè nan espas aprantisaj la.
Swiv leson etap pa etap epi aprann skills digital business pratik.
Aplike sa w aprann yo epi kontinye devlope business ou.
Elèv Rise Biz Academy
Motive etidyan tankou mwen yo pou nou fè lajan.
Bonswa mes amours! Mwen vini ak yon dezyèm update sou aplikasyon eBay mwen an. Coach Dorve ede m ak aplikasyon an, e se pwogrè de jou an jou — menm si w fenk konfigire yon kont, pa rete kanpe ap gade aplikasyon an; chache konnen konbyen policy ak listing pwodwi pou nou vann. Mwen poko gen yon mwa depi m gen kont la. Mèsi lanmou! 💛
Estati kont eBay Monise — mwens pase yon mwa apre l antre nan RBA.
Rise Biz Academy se plis pase yon seri kou. Se yon kominote aprantisaj kote manm yo ka:
"Yon espas kote debitan yo grandi ansanm, san jijman."
Access the Academy and start building your digital business skills.
Join Rise Biz Academy →Rise Biz Academy soti nan pwòp eksperyans mwen — aprann, pran aksyon, epi vle fè pwosesis la pi fasil pou lòt moun ki vle grandi yon biznis dijital. Objektif RBA se pou ede w jwenn direksyon, aprann skills pratik, epi devlope pwòp biznis dijital ou, etap pa etap.
Dorve Noel — Fondatris, Rise Biz Academy
Ou pa bezwen konnen tout bagay pou w kòmanse. Ou bezwen sèlman pran premye pa a.